17 Powèm Pou Bonbad, yon pwezi andeyò

Fè pwezi an Ayiti se te yon aktivite moun save, plis moun ki viv nan zòn ki sèk savan ak entelektyèl. Literati pa t zafè moun andeyò. Majorite powèt yo t ap viv nan gran vil yo. Pifò te nan Pòtoprens.
Tikris ki s on jenn ekriven, powèt, editè ki ap viv nan bouk Bonbad montre nou, nan liv pwezi li ekri ki gen pou tit « 17 powèm pou Bonbad » pwezi se yon sitiyasyon k ap chanje. Tikris kraze gwo tonton baryè sa a. Lè n ap li « 17 powèm pou Bonbad », nou jwenn se yon kreyòl moun andeyò k ap taye banda nan tout kò tèks la. Deja byen pale kreyòl se zafè moun andeyò li ye, moun andeyò maton nan lang yo.
Nou rive anfen nan enpòk tout moun t ap tann lan. Kote literati dwe fèt nan tout rak raje peyi Dayiti. Fòk nou di tou Tikris pa premye powèt ki ekri pwezi andeyò sa a. Powèt Charles Fernand Pressoir te ekri « Sèt powèm ki sot nan mòn ». Otè a te ekri liv sa a pou yon ti fi Kenskòf.
Andan liv la, Tikris kite bouk Bonbad enspire l, san li pa mache al pwomennen nan lòt vil, lòt peyi al chache mo. Li chita nan bouk la epi kite se bouk Bonbad ki met mo yo nan pwent plim li.
« Resevwa 17 bretèl
Mwen koud pou jipon syèl ou Bonbad
17 bretèl pou anbeli toutouni ou
Pou makiye rèv ou
Jouk plezi dòmi leve dan griyen
Demere je dou
Nan kè kontan ou cheri m »
Yon lòt fwa ankò literati kreyòl ayisyen an vin pi puisan. Kote l ap klewonnen tout kote. Nan paj 16« 17 powèm pou Bonbad » Tikris mennen nou al viv bèl mèvèy nan Bonbad san nou pa deplase. Se youn nan pi bèl mirak literati ka fè. Se fè w vwaje san ou pa deplase.
« Bonbad manman m
Plato delivrans
Mwen pwostène devan richès ou
Devan chan mango ton Ram
Ki bay lavi chans leve dwèt li san tranble
Devan fon pelemi
Ki dekore
Kann anana fè pil »
Pou n fini n ap di literati pa depaman ak sosyete ak sa n ap
viv la. « 17 powèm Pou Bonbad » s on liv ki pwouve n toutbon litera kreyòl ayisyen an granmoun epi mèt chèmètrès tèt li.
Roniro Jean-Baptiste
Articles connexes